Abi Seksyèl sou Timoun (CSA)

Abi seksyèl sou timoun gen konsekans sou nou tout.  Ke w se viktim nan, yon paran oswa yon pwòch, oswa yon pwofesyonèl  k ap chèche èd pou yon kliyan, gen ankadreman ki disponib. Òganizasyon toupatou nan peyi an ak lokalman ofri sèvis liy èd telefonik, asistans jiridik, defans dwa, ak konsèy. Ou gen dwa senpleman vle tou pou yo rekonèt se yon krim devastatè, jwenn enfòmasyon sou konsekans akoutèm ak alontèm abi seksyèl sou timoun, epi konnen kèlkeswa sa w santi a nòmal. Paj sa a pral gide w sou enfòmasyon ou bezwen yo pou tèt pa w oswa pou yon lòt moun.

Ansanm nou kapab fè yon diferans.  Ansanm nou kapab geri. Ansanm nou kapab anpeche l rive lòt timoun.

Obligasyon Rapòte

Nan Florida yo konsidere tout moun kòm rapòtè oblije nan zafè abi sou timoun. Sa vle di yon moun ki sispèk gen yon timoun oswa yon granmoun a risk k ap sibi abi gen obligasyon dapre lalwa pou li rapòte sa. Yo gen dwa fè sa yon fason anonim. Pakont, pwofesyonèl yo tankou paregzanp doktè yo (sa gen ladan kiwopraktè); enfimyè yo; pèsonèl lopital ki patisipe nan admisyon, egzamen, swen, oswa tretman pasyan; terapis oswa konseye sikolojik otorize yo; pwofesè ak lòt pèsonèl lekòl yo; travayè sosyal yo, anplwaye gadri yo, ak lòt moun ki gade timoun yo, travayè nan fwaye dakèy, etablisman, oswa enstitisyon yo; polisye yo; epi, jij yo dwe bay enfòmasyon pou idantifye yo lè y ap fè rapò. Sepandan, yo konsidere tout rapò yo konfidansyèl, sa ki vle di yo pa gen dwa divilge non moun ki fè rapò a. Tout rapò sou abi dwe fèt nan liy telefonik santral pou abi a. Liy telefonik santral pou abi a ap transfere ka kote Depatman Timoun ak Fanmi an (Department of Children and Families) pa gen jiridiksyon (abi nan men yon granmoun ki pa ni yon paran, ni yon gadyen legal, ni yon moun k ap okipe timoun nan, ni yon lòt moun ki responsab byennèt timoun nan) touswit elektwonikman kot biwo cherif ki apwopriye a.

Ou kapab li Lwa Florida 39.201 an annantye isit la.

Kijan pou w Rapòte

Telefòn: 1-800­962-2873
TDD: 1- 800­453­5145
Faks: 1-800­914­0004
Anliy:   http://reportabuse.dcf.state.fl.us

Sèvis pou Timoun

Se jeneralman ekip pwoteksyon timoun yo (CPT) nan Depatman Sante a ki okipe ka abi seksyèl sou timoun; wòl yo se konplete aktivite evalyasyon ak rejim pwoteksyon Depatman Timoun ak Fanmi an. Pami sèvis ekip pwoteksyon timoun yo ofri yo gen evalyasyon medikal dyagnostik, konsiltasyon medikal, entèvyou sikososyal avèk fanmi, ak ankèt mediko-legal. Nan Florida, CPT yo travay an kolaborasyon sere avèk Sant Defans Dwa Timoun yo (Children’s Advocacy Centers, CAC), ki pou pifò pa afilye avèk pwogram pou viktim agresyon seksyèl sètifye FCASV yo. Yon CAC se yon etablisman nan kominote a ki konsantre sou timoun kote yo fè entèvyou avèk timoun ki se viktim abi oswa neglijans; yo resevwa egzamen medikal, si sa nesesè; terapi; ak lòt sèvis esansyèl nan yon anviwònman san menas ki adapte pou timoun.  Yon CAC rasanble yon evantay pwofesyonèl k ap travay ansanm sou envestigasyon an, tretman an, ak pouswit ka abi sou timoun yo. Bi prensipal yon CAC se minimize niwo twomatis viktim ki se timoun yo viv, amelyore pouswit yo, epi ofri sèvis ki nesesè yo yon fason efikas ak konplè pou viktim ki se timoun nan ak fanmi timoun nan. Pou plis enfòmasyon sou Rezo Sant Defans Dwa Timoun yo nan Florida (Florida’s Network of Children’s Advocacy Centers) tanpri ale sou sit yo a.

Fanmi yo gen dwa chwazi tou pou yo anboche sèvis pwogram pou viktim agresyon seksyèl sètifye ki bò lakay yo a (yo rele li pafwa sant pou kriz kadejak). Pou resevwa sèvis pou viktim agresyon seksyèl dirèkteman nan yon pwogram pou viktim agresyon seksyèl, diskite sou kondisyon konsantman paran yo avèk pwogram nan. Adolesan yo gen dwa jwenn sèvis pou viktim agresyon seksyèl tou pase pa lòt òganis sèvis sosyal ak/oswa lekòl dapre relasyon yo ak Memorandòm Antant (MOU) ki anplas kounye a nan kominote yo. Sèvis liy èd telefonik yo disponib tou pou tout moun.

Egzamen Mediko-Legal sou Timoun

Lide fè yon timoun sibi yon egzamen mediko-legal kapab efreyan pou moun k ap okipe li yo, sitou apre sa timoun nan deja pase. Bezwen fizik ak emosyonèl yon timoun diferan de sa yon granmoun. Poutèt sa, timoun ak adolesan bezwen sèvis moun ki espesyalman fòme pou ofri entèvansyon nan ka kriz, entèvyou, egzamen medikal, ak tretman ki gen dwa nesesè poutèt abi seksyèl grav oswa kwonik. Kad ki pi ideyal la pou swen se yon anviwònman ki adapte pou timoun olye de yon Sal Dijans (ER) oswa yon depatman lapolis.

Nan Florida, se pwofesyonèl nan Ekip Pwoteksyon Timoun lan nan yon Sant Defans Dwa Timoun (Child Advocacy Center, CAC) k ap fè ankèt mediko-legal yo ak egzamen yo. CPT ak CAC anplwaye ekip miltidisiplinè pwofesyonèl byen fòme. Premye entèvyou an avèk timoun nan pral an gran pati gide sa k ap fèt pandan egzamen fizik la. Pou yo fè egzamen an, gadyen legal timoun nan ap gen pou bay konsantman. Nan sitiyasyon kote yo jije gadyen legal yo enkapab oswa yo kwè yo kontribye nan abi an, yon polisye oswa Depatman Timoun ak Fanmi an (Department of Children and Families, DCF) nan Florida gen dwa bay konsantman an.

Si w se yon pwofesyonè k ap chèche plis enfòmasyon sou pwotokòl yo pou egzamen mediko-legal pou timoun tanpri gade Gid Pwogram Ekip Pwoteksyon Timoun Depatman Sante Florida a ak Pwotokòl Nasyonal la pou Egzamen Mediko-Legal nan Ka Abi Seksyèl sou Timoun Depatman Lajistis Ameriken an.

Granmoun ki se Sivivan Agresyon Seksyèl yo te Sibi pandan yo te Timoun

Yon gran pousantaj timoun pa di yo te sibi abi jiskaske yo vin granmoun, si yo janm di sa. Gen etid ki fèt dènyèman ki sijere ant 10% ak 33% viktim abi seksyèl yo pa janm di sa. Lè yo di sa, etid yo montre pifò viktim abi seksyèl sou timoun di yon zanmi ki menm laj avèk yo sa sèlman, epi sèlman apeprè 8% nan viktim abi seksyèl yo di yon pwofesyonèl la.  

Pami konsekans alontèm abi seksyèl sou timoun yo gen laperèz, solitid, anksyete, blam tèt yo, move estim pou tèt yo, kòlè, ak pwoblèm mantal. 

Sèvis pou Sivivan CSA

Tout pwogram pou viktim agresyon seksyèl sètifye FCASV yo ofri yon evantay sèvis konplè pou sivivan granmoun abi seksyèl sou timoun. Rele liy èd telefonik pou eta nou an pou pran kontak avèk pwogram pou viktim agresyon seksyèl sètifye ki bò lakay ou a: 1-888-956-7273. Konseye nan ka kriz ak defansè dwa yo disponib pou ba w enfòmasyon sou opsyon w yo ak sèvis ki disponib yo.
 

Timoun Pi Pridan, Pi Entelijan
 

Lòt Resous

1in6.org: Enfòmasyon pou ak sou sivivan gason abi seksyèl sou timoun. Sit wèb la ofri edikasyon ak fòmasyon nan kominote lokal yo pou sansibilize piblik la epi pou ede terapis yo ak lòt pwofesyonèl bay pi bon sèvis ki posib pou gason k ap fè fas a konsekans eksperyan seksyèl endezirab oswa vyolan yo te sibi pandan yo te timoun.

Childhelp: Konseye yo nan Liy Èd Telefonik Nasyonal Childhelp pou Abi sou Timoun nan (Childhelp National Child Abuse Hotline) la 365 jou pa ane pou ede timoun, ak granmoun ki enkyè pou timoun yo sispèk y ap abize. 1-800-4-A-CHILD (1-800-422-4453)

Children's Bureau: Depatman Ameriken Sante ak Sèvis Sosyal la (U.S. Department of Health and Human Services), Administrasyon pou Timoun ak Fanmi (Administration for Children & Families)
Children's Bureau ofri done eta ak nasyonal sou adopsyon ak fwaye dakèy, abi ak neglijans sou timoun, ak asistans pou timoun. Children's Bureau finanse tou rechèch an kolaborasyon avèk lòt òganizasyon.

Child Welfare Information Gateway: Depatman Ameriken Sante ak Sèvis Sosyal la (U.S. Department of Health and Human Services), Administrasyon pou Timoun ak Fanmi (Administration for Children & Families) Sit wèb la ofri yon bann resous sou abi seksyèl sou timoun, avèk ladan dènye estatistik ak rechèch yo.

Florida Abuse Hotline: Si w sispèk gen yon timoun yo te abize seksyèlman rele Florida Abuse Hotline.  Nimewo yo se 1-800-96ABUSE (962-2873).

National Coalition to Prevent Child Sexual Abuse and Exploitation: Misyon yo se yon efò inifye pou pouse devlòpman an sante timoun yo ak jèn yo epi pou mete fen nan abi seksyèl sou yo ak eksplwatasyon yo.

National Human Trafficking Hotline: Yon liy èd telefonik nasyonal gratis ki disponib pou reponn apèl, tèks, ak konvèsasyon anliy an dirèk sòti kèlkeswa kote a nan Etazini, 24 sou 24, 7 jou sou 7, nan plis pase 200 lang. Misyon National Hotline nan se mete viktim ak sivivan trafik moun yo an kontak avèk ankadreman ak sèvis esansyèl pou yo jwenn èd epi rete an sekirite, epi pou ekipe kominote anti-trafik la avèk zouti ki nesesè yo pou lite yon fason efikas kont tout fòm trafik moun.
Rele 1-888-373-7888 ( TTY: 711), voye tèks nan 233733, oswa fè konvèsasyon anliy an dirèk sou sit wèb la

Stop It Now!: Stop It Now! anpeche abi seksyèl sou timoun gras a mobilizasyon granmoun, fanmi ak kominote pou yo aji pou pwoteje timoun yo anvan malè rive yo.  Sit la ap administre tou yon liy èd telefonik pou prevansyon 1.888.PREVENT.

Trauma Informed Care for Foster and Adoptive Parents: Fòmasyon sou Entènèt sa a ofri enfòmasyon sou kijan pou leve timoun ki te sibi abi seksyèl yon jan ki pran twomatis la an kont.

Voices for Florida’ Open Doors Outreach Network: Voices for Florida sèvi kòm òganizasyon potomitan pou Open Doors Outreach Network. Yo kreye epi pouse sistèm efikas pou eksplwate konesans baze sou rechèch pou ankadre tretman ak swen timoun ak jèn granmoun ki te sibi eksplwatasyon seksyèl.