Trafik Moun

Entwodiksyon

Menm si pwoblèm trafik moun nan vin popilè anpil pandan dis lane ki sot pase yo, toujou gen anpil konfizyon sou sa ki kalifye kòm trafik moun. Trafik moun te kòmanse depi pandan esklavaj nan tan ansyen, ki te sèvi kòm yon metòd divizyon kouch sosyal ki trè sanble sistèm klas nou genyen yo jodi a (White, White ak Korgen, 2014). Youn nan referans a esklavaj nou konnen ki pi ansyen yo gen pou dat apeprè 1760 Anvan Jezikri nan Kòd Hammurabi a. Jodi a, esklavaj tradisyonèl la, ki gen kòm definisyon pwopriyete legal yon moun, se yon bagay ki ilegal nan tout peyi epoutan esklavaj rete yon antrepriz pwospè ak pwofitab (Bales, 2004). Yo estime gen apeprè 45.8 milyon moun ki pran nan pyèj sou yon fòm esklavaj modèn kèlkonk jodi a (Gladstone, 2016; Global Slavery Index, 2016). Dapre Endis Esklavaj Global (Global Slavery Index) 2016 la, gen yon fòm esklavaj modèn kèlkonk ki egziste nan toulè 167 peyi yo te ankete sou yo a. Nan Etazini yo idantifye Florida kòm youn nan twa premye eta yo, ansanm avèk New York ak California, ki resevwa pifò fi ak timoun yo fè antre ilegalman nan peyi a pou trafik (Protection Project, 2002).

Tip Esklavaj Modèn

  • Trafik Sèks
  • Maryaj Fòse
  • Rèstavèk
  • Travay Fòse
  • Sèvitid Poutèt Dèt
  • Travay Timoun

Dapre Sant pou Avansman Dwa Moun nan (Center for the Advancement of Human Rights) (2003), ka trafik moun nan Florida reprezante twa nan tip prensipal eksplwatasyon Lwa sou Pwoteksyon Viktim Trafik yo (Trafficking Victims Protection Act) ap pale de yo a, ki se trafik sèks, travay fòse, ak rèstavèk. Anpil nan mache travay tradisyonèl yo nan Florida, tankou restoran, otèl, endistri agrikòl la, faktori yo, ak mennaj nan kay ak mennaj komèsyal, pwofite trafik la.

Florida gen yon listwa long tou nan travay fòse nan agrikilti, ki te kòmanse depi pandan esklavaj. Jiska ane 1960 yo, yo te souvan pran Afwo-Ameriken yo nan pyèj esklavaj oswa sèvitid poutèt dèt, ki rele tou peyonaj. Nan pwendvi legal, Kongrè te entèdi peyonaj an 1867 men li pa t elimine lè sa a. Modèl magazen konpayi an te vin evolye dousman an modèl sistèm trafik oswa transpò imigran ilegal la, kote yon moun gen dèt pou yon kontrebandye. Dapre Sant pou Avansman Dwa Moun nan, menm travayè ki gen viza travay legal yo pa gen pwoteksyon kont trafik moun epi okontrè yo gen dwa gen plis risk pou yo viktim li.

Trafik Sèks

Menm si gen plizyè rezon pou trafik moun, kategori yo pa konplètman separe. Yon moun yo fòse oswa bay presyon pou li travay gen dwa jwenn tèt li fòse oswa sou presyon fè akt seksyèl tou (yo rele sa tou sèks sivivans). Trafik sèks se yon krim kote yo fè presyon sou fi, gason ak/oswa timoun oswa yo fòse yo pou yo fè akt seksyèl pou lajan. Nan Etazini yo konsidere yon moun ki gen mwens pase laj 18 an k ap fè kèlkeswa akt seksyèl yo pou lajan kòm yon viktim trafik sèks. Dapre End Slavery Now, Etazini alafwa yon peyi tranzit ak destinasyon pou trafik sèks. Yo gen dwa mennen moun y ap fè trafik avèk yo nan bòdèl, nan ajans eskòt, nan salon masaj, nan ba striptiz, ak/oswa nan otèl. Yo gen dwa fòse yo fè pwostitisyon nan lari, sou teren toupre travayè imigre oswa nan remòk bò faktori. Yo gen dwa fòse yo tou pou yo patisipe nan pònografi oswa nan dans ewotik. An 2013 peyi dorijin prensipal yo ki te reprezante nan Etazini se te Meksik, Filipin, Taylann, Ondiras, Gwatemala, Lend, ak Salvadò.

Pwostitisyon ak Trafik Sèks

Trafik moun kapab fèt entènasyonalman kou lokalman. Sitiyasyon yo kapab varye anpil men se popilasyon ki prezante plis feblès yo ki sible lepli souvan. Lokalman sa gen dwa vle di moun LGBTQ+, jèn ki sove oswa ki pa gen kay, epitou viktim lòt fòm vyolans tankou paregzanp agresyon seksyèl, vyolans familyal, oswa izolman sosyal. Menm prensip yo kapab aplike entènasyonalman epi anplis de sa gen dwa ajoute viktim lagè.

Yon domèn deba sou trafik se pwostitisyon, ki dapre anpil moun se yon aktivite pa chwa epi ki bay lajan. Jan nou te di li anvan sa, dapre lwa ameriken yo konsidere tout moun ki gen mwens pase laj 18 an k ap fè akt seksyèl pou lajan kòm yon moun yo fè trafik avè l. Dapre Sans Resous Nasyonal sou Trafik Moun nan (National Human Trafficking Resource Center), laj mwayen an pou yon ti fi k ap antre nan trafik seksyèl/pwostitisyon se 12-14 an. Sa vle di pifò fi granmoun yo nou rankontre nan pwostitisyon te antre nan pwofesyon an pandan yo te minè epi legalman yo reponn definisyon yon moun yo fè trafik avè l. Yon lòt fè enpòtan se 95% fi k ap fè pwostitisyon yo rapòte yo vle sispann men yo pa kapab kite poutèt sikonstans tankou pa gen konpetans pou lòt djòb, bezwen kapab pote manje ak lojman pou tèt pa yo ak/oswa fanmi yo, epi poutèt yo sou kontwòl yon makrèl (Farley, 2004). Anpil nan yo an verite pa janm resevwa peman pou sèvis yo, epi y oblije lonje lajan yo fè a bay makrèl yo a. Reyalite kache a se menm jan avèk lòt sivivan trafik moun, moun sa yo fèb epi yo pran yo kòm viktim. Fi ki nan pwostitisyon gen plis risk sibi diferan tip vyolans. Yon jan klè pou ilistre sa se li kòmantè achtè sèvis seksyèl yo, ke yo rele “Johns,” fè sou fi ki nan pwostitisyon. Pawòl ki annapre yo se Farley (2007) ki rekòlte yo nan bouch gason ki achte sèks:

"Pwostitisyon se lwe yon ògàn pou 10 minit."
“Li renonse a dwa di non.”
“Mwen peye pou sa. Ou pa gen dwa. Ou avè m kounye a.”
Gen yon lòt gason ki di li te mete tèt li nan pwoblèm poutèt li te fè kadejak sou yon fi donk li vin deside l ap fè kadejak sou fi pwostitye sèlman.

Prèske 80% fi ki nan pwostitisyon yo fè eksperyans kadejak (Hunter ak Reed, 1990; Farley, 2004) epi 60-95% fi ki nan pwostitisyon te sibi agresyon seksyèl pandan yo te timoun (Farley, 2004). Pifò moun ki te viktim pandan yo te timoun te viktim anvan yo antre nan endistri sèks la. Dapre Farley sou 218 “johns” yo te avèti fi yo t ap gade anliy yo se te an verite timoun, 42% te vle fi minè a kanmenm.

Nou menm tou nou rekonèt se pa tout travay seksyèl se trafik moun. Nou respekte e onore dwa endividyèl yo pou otonomi kòporèl ak sipòte anviwònman san danje, san patipri, san vyolans pou moun k ap travay nan endistri sèks lan.

Pèsekisyon Seksyèl

 Men jan sivivan trafik moun yo gen dwa sibi pèsekisyon seksyèl:

  • Trafikan yo gen dwa sèvi avèk menas agresyon seksyèl oswa avèk agresyon seksyèl toutbon, sou viktim nan ak/oswa fanmi viktim nan, kòm mwayen pou abize ak kontwole yo (Komisyon Entèrameriken Fanm (Inter-American Commission of Women), ak Pwogram pou Fanm, Sante, ak Devlòpman an (Women, Health, and Development Program), 2001).
  • Nenpòt ki lè yo fòse yon sivivan fè yon akt seksyèl, yon dans ewotik, oswa pou yo filme li pou pònografi kont volonte li.
  • Itilizasyon kou ak kadejak kòm metòd manipilasyon sikolojik ak kontwòl.

Èd pou Sivivan Trafik Sèks

Apwòch santre sou viktim nan, ki pran an kont twomatis li, epi ki kore li a ke defansè yo abityèlman itilize pou ankadre sivivan vyolans seksyèl yo kapab itil tou pou travay avèk yon sivivan trafik moun. Sivivan trafik moun yo san parèy tou poutèt yo bezwen yon evantay sèvis diferan. Yo souvan soufri malnitrisyon ak maladi ki transmèt seksyèlman. Sivivan entènasyonal yo, gen dwa oblije navige nan biwokrasi konplèks sistèm lapolis ak imigrasyon ameriken yo san yo pa konprann lang angle a. Anpil viktim trafik sibi anpil agresyon, anplis lòt fòm vyolans. Gid NSVRC a pou Defansè Dwa Viktim yo (NSVRC Guide for Victim Advocates) ofri lis konplè jan defansè dwa viktim agresyon seksyèl yo kapab ede sivivan yo.

Konsekans twomatis sa a gen dwa gen efè dirab sou sante emosyonèl, fizik ak sikolojik yon sivivan. Popilasyon an gen nivo elve eta estrès apre twomatis (PTSD) ki kapab gen ladan sentòm panse ak oswa souvni toutan sou evènman efreyan yo, enpresyon evènman yo ap rive ankò, move rèv toutan, dekoneksyon, enkapasite santi emosyon, twòp aktivite (sote fasil), difikilte konsantre, pwoblèm dòmi, akaryasite, pwoblèm memwa, ak/oswa reyaktivite emosyonèl. Opsyon tretman terapetik ki baze sou eksperyans syantifik pou PTSD gen ladan terapi mantal, terapi mantal ak konpòtman, terapi pa ekspozisyon, entegrasyon newo-emosyonèl gras a mouvman je (EMDR), ak fòmasyon antistrès. Sepandan, pifò terapi sa yo pa t elabore pou travay avèk popilasyon divès sa a epi yo gen dwa pa konvnab kiltirèlman (Williamson, Dutch, ak Clawson, 2008). Genyen ki gen dwa pa apwopriye baze sou senptomatoloji. For example, EMDR gen dwa pa apwopriye avèk yon sivivan ki fè dekoneksyon. Lè yo enkòpore apwòch altènatif oswa global pou sante mantal la, ki konbine byennèt fizik ak mantal, sa efikas. Terapi sa yo gen dwa se mouvman (dans, yoga), lèza, jadinaj, ak kizin. Wilson (2003) sijere tou estabilizasyon se kle a pou kòmanse travay gerizon sivivan trafik moun yo gen devan yo a.

Gen Lespwa ak Èd

"Ou kapab espere yon lòt lavi, se yon lòt jounen k ap kòmanse demen epi tout bagay kapab chanje anvan w bat je w."  -Sandy Storm

Sandy Storm se yon sivivan yo te fè trafik avè l pandan prèske 20 lane epi ki te ekri istwa li nan yon liv ki gen pou tit Hello Navi.

Si ou oswa yon moun ou konnen se yon viktim trafik moun epi ou ta renmen resevwa èd, tanpri ale nan seksyon Get Help nou an sou sit wèb la pou jwenn pwogram pou viktim agresyon seksyèl ki pi pre a nan zòn ou an. Oswa, rele 1-888-956-RAPE pou yo mete w an kontak avèk pwogram pou viktim agresyon seksyèl ki pi pre w lan.

Lòt Resous

Klike isit la pou telechaje yon lis lòt resous.

Referans

Bales, K. (2004). New Slavery: A Reference Handbook. ABC-CLIO. p. 4. ISBN 978-1-85109-815-6.

Center for the Advancement of Human Rights. (2003). Florida responds to human trafficking. Nou rale li sòti nan
http://www.cahr.fsu.edu/sub_category/thereport.pdf

Farley,M. (2004). Prostitution is sexual violence. Psychiatric Times. Nou rale li sòti nan http://www.psychiatrictimes.com/sexualoffenses/content/article/10168/48311.

Farley, M. (2007). ‘Renting an Organ for Ten Minutes:’ What Tricks Tell Us about Prostitution, Pornography, and Trafficking. Pornography: Driving the Demand for International Sex Trafficking, Los Angeles: Captive Daughters Media. Nou rale li sòti nan http://www.prostitutionresearch.com/FarleyRentinganOrgan11-06.pdf    

Gladstone, R. (2016). Modern slavery estimated to trap 45 million people worldwide. The New York Times. Nou rale li sòti nan http://www.nytimes.com/2016/06/01/world/asia/global-slavery-index.html?_r=0

Global Slavery Index. (2016). Nou rale li sòti nan http://www.globalslaveryindex.org/findings/

Hahamovitch, C. (1997). The fruits of their labor: Atlantic coast farmworkers and the making of migrant poverty, 1870-1945. Chapel Hill, NC: University of North Carolina Press.  

Hunter, S. K. ak Reed, K.C. (1990). “Taking the side of bought and sold rape,” Diskou nan Kowalisyon Nasyonal kont Agresyon Seksyèl la ( National Coalition against Sexual Assault), Washington, D.C.

Inter-American Commission of Women, & Women, Health, and Development Program. (2001). Trafficking for sexual exploitation [Fact sheet]. Nou rale li sòti nan men Òganizasyon Sante Panameriken an: http://www.paho.org/English/HDP/HDW/trafficking.pdf.

 "Mesopotamia: The Code of Hammurabi". Achive apati orijinal la nan dat 14 me 2011. e.g. Prologue, "the shepherd of the oppressed and of the slaves" Code of Laws No. 307, "If any one buy from the son or the slave of another man".

National Human Trafficking Resource Center. Fact sheet. Nou rale li sòti nan https://www.acf.hhs.gov/sites/default/files/orr/fact_sheet_sex_trafficking.pdf

Pete, D. What is peonage? PBS

Peonage abolished, 42 U.S.C. § 1994.

Protection Project. (2002). Human rights report on trafficking of persons, especially women and children: United States Country Report. Nou rale li nan dat 28 septanm 2002, sòti nan http://209.190.246.239/ver2/cr/us.pdf

 White, S. K., White, J. M., ak Korgen, K.O. (2014). Sociologists in Action on Inequalities: Race, Class, Gender, and Sexuality. SAGE Publications. p. 43. ISBN 978-1-4833-1147-0.

Wilson, B. (2013). Exiting commercial sexual exploitation: Understanding nuances of the phenomena across cultures.University at Buffalo. Konferans ki te prezante nan CSWE APM nan Dallas, TX Novanm 2013. Nou rale li sòti nan https://prezi.com/g_eanjmvj8je/exiting-commercial-sexual-exploitation/

Williamson, E., Dutch, N., ak Clawson, H. C. (2008). National symposium on the health needs of human trafficking victims: Post-symposium brief. Washington, DC: Biwo Sekretè Adjwen an pou Planifikasyon ak Evalyasyon (Office of the Assistant Secretary for Planning and Evaluation), Depatman Ameriken Sante ak Sèvis Sosyal (U.S. Department of Health and Human Services).